Accessibility links

Breaking News

Pwoblèm nan Fonksyonnman Lajistis nan Vil Jakmèl, Sidès Ayiti


Bawo Tribinal Jakmèl la Ap Mande Revokasyon Komisè Gouvènman an, Françoise Maurailles
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:03 0:00

Vil Jakmèl, nan Sidès Peyi d Ayiti, te anrejistre nan semèn nan kèk zak vyolans ki kite yon atmosfè chaje tansyon nan vil la ak yon santiman ensekirite nan lespri sitwayen yo.

Daprè korespondan nou Eveline Adonis, sa ki a la baz vyolans sa a se kèk arestasyon ki pwovoke kòlè divès pèsonalite nan vil la, --pami yo genyen ofisyèl eli yo. Yo akize komisè gouvènman an, Françoise Morailles, deske li ta sèvi ak enfliyans li pou l jwenn arestasyon sa yo, yon aksyon ki revòlte otorite eli yo, menm jan yo pa t kontan ak lòt aksyon chèf Pakè a te poze nan le pase. Konsa yo lanse apèl bay Depatrman Lajistis pou yo mande li wete Mèt Morailles nan plas la, paske “li reprezante yon menas pou jwisans libète sitwayen yo.” Ofisyèl eli yo lonje dwèt sou komisè a ki ta asosye li avèk kèk gwoup moun ki pa respekte lalwa pou yo twouble lapè piblik.

Nan kad reyaksyon laprès anrejistre, gen deklarasyon Senatè Ricard Pierre ki fè komisè a konnen li dwe chanje konpòtman li, e sitou pou l anile yon seri de manda ilegal li voye dèyè divès sitwayen ki, daprè palmantè a, pa komèt okenn vyolasyon lalwa. Yon lòt Senatè Depatman Sidès la, Dieupie Chérubin, ak Depite Ketel Jean-Philippe, pataje opinyon kòmkwa manda yo pa repoze sou lalwa e li te prezante nan Pakè a pèsonèlman pou li fè libere youn nan viktim aksyon Mèt Morailles yo. An solidarite avèk otorite eli yo, Konsèy Lòd Avoka Jakmèl la deside kanpe travay jiskaske otorite lajistis yo nan peyi a va pote yon solisyon pou pwoblèm nan.

Klike sou lyen anlè a pou w swiv yon repòtaj Eveline Adonis.

XS
SM
MD
LG