Accessibility links

Breaking News

Jimmy Carter Reyisi Yon Lòt Misyon Nan Kore di Nò


Yon avyon “charter” ki genyen abò l sitwayen ameriken Aijalon Mahli Gomes sipoze ateri anvan lontan nan vil Boston, Eta Massachussets, kote manman ak manm fanmi misye Gomes ap tann pou yo resevwa li lakay li aprè li fin pase 8 mwa nan prison nan peyi Kore di Nò.

Ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter te rive jwenn liberasyon sitwayen ameriken sa a pandan li t al ranpli yon misyon nan kapital Kore di Nò a, Pyongyang, pou l mande otorite yo fè misye Gomes gras.

Kim Han Jung, pwofesè politik sosyal nan Inivèsite Kyungwon, pale pou l di liberasyon misye Gomes la montre Kore di Nò ta renmen tabli yon dyalòg avèk Lèzetazini.

Misye Kim di : "Mwen panse Kore di Nò vle sòti nan difikilte l ap travèse jounen jodiya, kote li twouve l nan yon izolman diplomatik."

Imaj televzyon montre misye Carter k ap anbraze prizonye libere a, Aijalon Mahli Gomes, sou pis aterisaj ayewopò Pyongyang nan.

Asistan misye Carter yo di avyon k ap transpòte misye Gomes la genyen pou l ateri nan ayewopò Boston nan aprè midi a vè 2 zè.

XS
SM
MD
LG