Accessibility links

Breaking News

Jimmy Carter Fete 98 Anivèsè li ak Fanmi, Zanmi epi Bezbòl


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Jimmy Carter.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Jimmy Carter.

Jimmy Carter, ansyen prezidan Ameriken ki viv pi lontan nan listwa Etazini fete 98èm anivèsè li Samdi.

Se yon lòt gwo akonplisman pou 39èm prezidan an kote li te pase jounen an ap fete ak fanmi epi zanmi nan Plains, eta Jòji kote limenm ak madanm ni, Rosalynn, ki gen 95 zan limenm, te pran nesans.

Sant Carter, ke mesye-dam yo te fonde an 1982, ap fete 40èm anivèsè li. Sant sa a gen kòm bi pou pwomouvwa demokrasi epi ede pwogram sante piblik yo fè pwogrè toupatou nan mond lan.

Pitit pitit ansyen prezidan an, Jason Carter, dekri granpè li kòm yon moun ki kontan ak lavi li epi sa li akonpli.

Jèn Carter la di ansyen prezidan an te planifye yon jounen plizoumwen kalm ki te gen ladann swiv match ekip bezbòl prefere li, Atlanta Braves, kont New York Mets.

XS
SM
MD
LG