Accessibility links

Breaking News

Sekretè Defans Jim Mattis: 'Kore di Nò Riske Elimine Tèt li sou Planèt la Akoz Menas Nikleyè li yo'


Sekretè Defens Etazini an, Jim Mattis, pandan li te fèk rive sou lye kote li ta pral patisipe nan yon rankont nan katye jeneral l OTAN an nan Brussels 29 jen 2017.
Sekretè Defens Etazini an, Jim Mattis, pandan li te fèk rive sou lye kote li ta pral patisipe nan yon rankont nan katye jeneral l OTAN an nan Brussels 29 jen 2017.

Minis Defans Etazini an, Jim Mattis deklare mèkredi 9 out 2017 la, Kore di Nò riske aneyanti tèt li si li kòmanse yon lagè li deja konnen ki pap bon pou ekszistans li. Mesye Mattis ankouraje Pyongyang mete yon fen nan pwovokasyon l ak pwogram zam nikleyèl yo.

Sekretè Deta Mattis kontinye pou di Etazini ak alye li yo pose jounen jodi a, sistèm defans e ofansif ki pi wobis e pi efikas sou latè . Yon lòt kote, Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan mitan yon boukantaj gwo menas de gè ak lidè Kore di Nò a, deklare lasnal nikleyè Lèzetazini pi djanm e pi puisan pase pase jamè oparavan.

Prezidan an presize sou kont Twitter, preme demach li te antreprann lè li te monte sou pouvwa a an janvye, se renove e modènize lasnal nikleyè a. Li ajoute, li swete pou l janm oblije itilize kapasite sa a, li pa janm rive yon moman pou l sispann premye puisans mondyal .

Avan sa, sou kesyon menas lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, Prezidan Trump, te anse yon avètisman sevèrbay Kore di Nò kote l deklare:

"Yo pral sibi yon atak lemond poko janm wè, an palan de Kore di Nò, ki mache ak dife e furi, yon atak kap genyen yon puisans lemond poko janm wè."

XS
SM
MD
LG