Accessibility links

Breaking News

Jijman Thomas Sankara: Premye Akize a Plede Koupab Devan Bawo a


Des personnes assistent à l'ouverture du procès des auteurs présumés de l'assassinat de Thomas Sankara à Ouagadougou, le 11 octobre 2021
Des personnes assistent à l'ouverture du procès des auteurs présumés de l'assassinat de Thomas Sankara à Ouagadougou, le 11 octobre 2021

34 ane apre yo te touye Prezidan Burkina Faso a Thomas Sankara Sankara, jijman yo komanse, premye akize a, Yamba Élisé Ilboudo, yon ansyen militè ki te chofè militè ki komet krim lan nan moman sa, te plede koupab men li li di ke li pat patisipe nan zak la.

Yamba Élisé Ilboudo, se te yon sòlda Burkinabés . Yo di ke misye se on kle enpòtan pou dosye a paske se li ki tap kondwi yon pati nan komando ki te touye Prezidan Thomas Sankara jou 15 Oktòb 1987 la.

Yamba Elisé Ilboudo di li te jis rete nan machin li pandan ke lòt yo t ap komèt krim lan.

Me Ferdinand Zeppa, avocat de la famille Sankara, Ouagadougou le 26 octobre 2021 (VOA/Lamine Traoré)
Me Ferdinand Zeppa, avocat de la famille Sankara, Ouagadougou le 26 octobre 2021 (VOA/Lamine Traoré)

Ferdinand Zeppa, ki se avoka fanmi Sankara di ke Yamba "se te sèl nan akize yo ki te pale, se gras a li ki pèmèt ke pwosedi yo avanse ".

Mariam Sankara ki se vèv ansyen chèf leta a, afime ke pati sivil la jis ap chèche verite sou sa ki pase a.

Ansyen premye dam nan di : "M'swete yo di laverite pou nou ka konnen sa ki te pase a."

Apre Yamba Elisé Ilboudo, gen 11 lòt akize, pami yo Jeneral Gilbert Diendéré, ki deja pase 20 an prizon pou tantativ koudeta an 2015.

Ansyen Prezidan Blaise Compaoré ak Hyacinthe Kafando ki se de lòt akize, te absan nan pwosè sa a.

XS
SM
MD
LG