Accessibility links

Breaking News

Jijman Jean Pierre Bemba Pou Krim Kont Limanite


Jean Pierre Bemba
Jean Pierre Bemba

Tribinal Penal entènasyonal nan la Hè a fè konnen ansyen lidè rebèl Kongolè, Jean Pierre Bemba, dwe jije pou krim de gè ak krim kont limanite.

Tribinal la rejte madi 19 oktòb 2010 la yon apèl avoka mesye Bemba yo ki te plede pou di tribinal entènasyonal la pat gen bon jiridiksyon paske li sitye nan la Oland, pa ann Afrik.

Komisè enténasyonal yo di sòlda mesye Bemba yo te komèt yon seri ansasina, ak zak malonèt nan Repiblik Afrik Santral la nan lane 2002 pandan ke yo t ap ede prezidan Ange Felix Patassé konbat rebelyon aprè yon tantativ Koudeta.

XS
SM
MD
LG