Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik: Majorite Demokrat la nan Chanm Depite a Mande Jijman Prezidan Trump anvan Fen 2019 la


Manifestan k ap mande "Impeachment", swa jijman prezidan Donald Trump nan Kongrè a avèk posiblite pou li pèdi pouvwa a
Manifestan k ap mande "Impeachment", swa jijman prezidan Donald Trump nan Kongrè a avèk posiblite pou li pèdi pouvwa a

Prezidan ameriken an, Donald Trump, retounen Washington jedi 26 septanm 2019 la e san pèdi tan li joure byen joure manm Demokrat yo nan Chanm Depite a ak laprès, san li pa epaye kèk ototite nan pwòp gouvònman li a poutèt yo te kolabore ak yon denonsyatè ki akize prezidan an deske li mal itilize pouvwa li. Nan mitan pwolemik sa a nou jwenn yon plent denonsyatè a te pote kont konpòtman prezidan an e ki pouse Chanm Depite a ouvè yon ankèt sou Misye Trump avèk posiblite pou Sena a òganize yon jijman kont li epi vote pou wete l sou pouvwa a.

Vrèmanvre Prezidan Donald Trump genyen plis kesyon pou l reponn kounyela a nan moman piblik ameriken an kòmanse jete yon premye koudèy sou plent yon denonsyatè te pote pou l denonse sa l konsidere kom yon konpòtman ilegal prezidan ameriken an te afiche lè l te pran kontak ak yon lidè etranje; nan ka sa a se prezidan peyi Ikrèn nan, Volodimyr Zelensky, mete sou le fet ke kèk fonksyonè nan La Mezon Blanch ta eseye kase fèy pou yo kouvri sa.

Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosy, ki t ap abòde tèm "Impeachment" nan jedi 26 septanm 2019 la.
Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosy, ki t ap abòde tèm "Impeachment" nan jedi 26 septanm 2019 la.

Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi --yon depite demokrat Eta Kalifoni-- di aksyon prezidan Trump la tèlman grav, sa fose enstitisyon l ap dirije a ouvè yon ankèt. Madam Pelosi deklare:

“Plent la fè konnen La Mezon Blanch te eseye lage nan oubliyèt tout dosye anrejistre apèl ki te fèt la… espesyalman vèsyon ekri kovèsasyon an. Aksyon sa a bay denonsyatè a rezon pou l panse otorite yo nan La Mezon Blanch te fin pa reyalize gravite sa ki te di nan konvèsasyon telefokik la.”

Palmantè demokrat yo nan Chanm Depite ameriken an menase pou yo rele nan tribinal prensipal ofisyèl sèvis sekrè Lèzetazini an, direktè pwovizwa Ajans Nasyonal Ransèyman an, Joseph Maguire, pou fòse l bay yon kopi plent denonsyatè a te pote kont kontak Prezidan Trump te pran avèk Prezidan Zelansky a. Adam Schiff, prezidan Komisyon Zafè Jiridik Chanm Bas la ki t ap abòde dosye a pandan yon seyans depozisyon Misye Maguire, fè deklarasyon sa a:

Joseph Maguire, direktè pwovizwa Ajans Federal Enfòmasyon Sekrè ameriken an.
Joseph Maguire, direktè pwovizwa Ajans Federal Enfòmasyon Sekrè ameriken an.

“ Dapre lalwa, plent denonsyatè a, ki mete nan je piblik la gwo vyolasyon lalwa sa a, te dwe vin jwenn komisyon an depi plizyè mwa deja; men, selon sa ou menm ankè deklare, mesye l diretè, nan je lalwa, plent la poko rive… “

Misye MaGuire reponn pou l di li twouve li devan yon sikonstans espesyal kote li genyen pou l respekte dwa legal prezidans la. Li ajoute:

“Daprè nouvèl nou te resevwa, pi fò nan sa k di nan plent la tonbe nan kategori privilèj Pouvwa Egzekitif la… yon privilèj mwen pa gen otorite pou m elimine. Akoz de sa nou pa an mezi pou n pataje detay yo imedyatman.”

Kantapou Prezidan Donald Trump, li rejte pawòl demokrat yo ap pale pou di Kongrè a dwe lanse yon “impeachment”, sètadi yon “jijman politik” kont li. Li di se yon jwèt politik lidè demokrat yo nan Chanm Bas la ap jwe la a.

Prezidan Trump kritike Demokat yo nan Kongrè a, laprès ak kèk fonksyonè wo-plase nan gouvènman li a poutèt yo apiye yon denonsyatè ki akize l deske li abize pouvwa li.
Prezidan Trump kritike Demokat yo nan Kongrè a, laprès ak kèk fonksyonè wo-plase nan gouvènman li a poutèt yo apiye yon denonsyatè ki akize l deske li abize pouvwa li.

“Demokrat yo pral pèdi eleksyon an, yo konnen sa trè byen; e se poutèt sa y ap fè sa y ap fè la a.”

Anpil manm demokrat Chanm Depite a fè konnen yo ta renmen wè “impeachment” la –sètadi jijman kont prezidan Trump-- dewoule anvan fen ane 2019 la, sètadi anvan kanpay pou eleksyon prezidansyèl novanm 2020 an antre nan 5èm vitès li nan mwa fevriye pwochen.

XS
SM
MD
LG