Accessibility links

Breaking News

Dosye Asasina Prezidan Moise la: Otorite Lajistis yo Chwazi yon Jij pou Enstwi Ankèt la


Lajistis dwe reprezante yon balans san fòs kote.
Lajistis dwe reprezante yon balans san fòs kote.

Chwa yon jij pou enstrwi ankèt la pwovoke reyaksyon negatif pami pwofesyonèl yo nan sektè jiridik la ak dirijan yo nan òganizasyon sosyete sivil la ki panse dosye a twò enpòtan pou otorite lajistis yo kite l nan men yon sèl jij enstriksyon.

Denyè nouvèl konsènan ankèt k ap fèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la fè konnen dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens la, Mèt Bernard Saint-Vil, chwazi Mèt Gary Orelien pou enstwi dosye a. Sepandan, tankou korespondan nou Renan Toussaint di nou sa a, desizyon Dwayen Saint-Vil la pwovoke reyaksyon negatif pami pwofesyonèl yo nan sektè jiridik la ak dirijan yo nan òganizasyon sosyete sivil la ki panse dosye a twò enpòtan pou otorite yo kite l nan men yon sèl jij enstriksyon.

Klike sou lyen anba a pou w swiv yon repòtaj avèk Renan Toussaint……

Repòtaj Renan Toussaint sou chwa Mèt Gary Orelien pou enstwi ankèt sou asasisna Prezidan Jovenel Moise la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:39 0:00


Toujou sou dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la, jounalis sèvis latino-ameriken Lavwadlamerik la, Cristina Caicedo Smit, fè yon entèvyou pa Skype avèk Ricardo Suñiga, anvwaye espesyal Depatman Deta pou Biwo Afè Oksidantal la, ki pale de patisipasyon Lezetazini nan ankèt k ap fèt sou asasina a. M. Suñiga di, antwòt, si lajistis amerikèn ap pote kontribisyon li nan envestigasyon an, se “an kolaborasyon avèk otorite ayisyen yo”… paske ankèt la dwe reprezante “yon efò ayisyen ke ayisyen dirije e pou pèp ayisyen an.”

Klike sou lyen ki pi devan an pou w gade yon repòtaj Sandra Lemaire prepare avèk entèvyou Cristina reyalize avèk M. Suñiga a.

Entèvyou Cristina Caicedo Smit - Repòtaj Sandra Lemaire sou yon Mizajou Depatman Deta konsènan patisipasyon Etazini nan ankèt la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:54 0:00

XS
SM
MD
LG