WASHINGTON, DC —
Pèlren ki sòti toupatou atravè lemond rasanble pa bann e pa pakèt nan yon ti riyèl tou piti ki fè pari wout ki rele an Laten "Via Dolorosa" -oubyen Wout Ladoulè a- pou yo patisipe nan pwosesyon tradisyonel ki toujou make jounen Vandredi Sen an.
Nan Latè Sent la, relijyon ak politik melanje preske tout tan. Selebrasyon La Pak la rive 6 semèn anvan dat kote Lèzetazini gen pou l wete anbasad li nan Tel Aviv epi al plase li nan Jerizalèm.
Palestinyen yo pa kontan ditou poutèt anbasad amerikèn nan pral kite Tel Aviv pou l al ouvè nan Jerizalèm, selon yon desizyon Prezidan Donald Trump te anonse. Daprè Palestinyen yo, Jerizalèm se kapital yon eta yo pral fonde nan lavni.