Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Ouvè yon Anbasad Tou Nèf nan vil Jerizalèm, Peyi Izaryèl

Konseye wo-plase nan La Mezon Blanch, Jared Kushner (mitan foto a), ki te pran lapawòl pandan anbasadè Lèzetazini an nan Izrayèl, David Friedman, t ap koute nan okazyon seremoni ouvèti anbasad amerikèn tou nèf la nan Jerizalèm nan jounen lendi 14 me 2018 la.

Lendi 14 me 2018 a, nan peyi Izrayèl, an prezans yon delegasyon amerikèn ki te gen ladan n, antwòt, Sekretè Deta Mike Pompeo, anbasadè ameriken an nan Izrayèl, David Friedman, konseye e pitit-fi Prezidan Donald Trump, Yvanka Trump, minis trezò ameriken an Steven Mnuchin, konseye espesyal Prezidan Trump pou zafè politik, Jared Kushner, yon seremoni istorik dewoule nan okazyon ouvèti anbasad amerikèn nan nan vil Jerizalèm.

Se anbasadè ameriken an nan Izrayèl, David Fiedman, ki te prezide seremoni an pandan ke otorite 2 peyi yo ki te prezan te rasanble pou yo asiste devlopman evennman an. Nan mesaj diplomat ameriken an prezante nan okazyon an, li fè deklarasyon sa a:

Anbasadè Lèzetazini nan Izrayèl, David Friedman.
Anbasadè Lèzetazini nan Izrayèl, David Friedman.

"Yon jou kou jodi a egzateman sa gen 70 zan, e nan menm lè a preske egzateman, David Ben-Gurion te deklare endepandans Izrayèl. E 11 minit apre sa, Prezidan Harry Truman te pèmèt Lèzetazini tounen premye peyi ki rekonèt renesans Izrayèl. Jodi sila a, nou ouvè anbasad amerikèn nan nan Jerizalem, Izrayèl."

Prezidan Donald Trump te pran inisyativ pou l wete anbasad la nan Tel Aviv --kote pi fò peyi gen misyon dilpomatik yo- pou l plase l nan Jerizalèm sa gen anviwon 6 mwa. Lidè ameriken an te itilize yon mesaj-video pou l pran lapawòl nan okazyon inogirasyon anbasad tou nèf la. Prezidan Trump di:

"Izrayèl se yon peyi souvren ki gen dwa, kòm tout peyi souvren, plase kapital li kote l vle. Malgre sa, pandan anpil ane nou pa t rekonèt verite si klè sa a, si vivan sa a: Jerizalèm se kapital Izrayèl.

2 konseye wo-plase nan La Mezon Blanch, Jared Kushner ak Ivanka Trump, nan yon resepsyon ki te dewoule nan Ministè Afè Etranjè Peyi Izrayèl nan Jerizalèm anvan seremoni inogirasyon anbasad tou nèf la. (Jerizalèm 13 me 2018 - Foto REUTERS)

Si Izrayèl konsidere tout Jerizalèm (soti nan nò ale nan sid, sòti nan lès pou rive nan lwès) kòm kapital li, Palestinyen yo, yo menm, konsidere Jerizalèm-Es kòm kapital yon Eta Palestinyen ki va pran nesans nan lavni. Se konsa, nan Bann Gaza a pandan 6 mwa ki pase yo, Palestinyen yo pa sispann òganize manifestasyon pou yo pwoteste kont desizyon Prezidan Trump la. Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, pale de mouvman pwotestasyon sa yo nan diskou sikonstans li a klote li deklare:

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, nan diskou sikonstans li nan okazyon ouvèti anbasad Lèzetazini nan Jerizalèm pandan anbasadè ameriken an ann Izrayèl David Friedman t ap koute. (Jerizalèm, 14 me 2018).

“Kote nou ye isit la, nan Jerizalem, nou anba pwoteksyon brav sòlda lame Izrayèl la ki gen nan tèt yoo kòmandan Wo Eta Majò a, Jeneral Gadi Eizenkot. E brav sòlda nou yo ap pwoteje fwontyè nou yo nan moman n ap pale la a menm.”

Dènye nouvèl yo fè konnen lidè peyi arab yo kondane aksyon Lèzetazini an. Pa egzanp, premye minis libanè a, Saad Hariri, di li konsidere deplasman anbasad la nan Jerizalèm kòm yon pwovokasyon, tandiske minis afè etranjè peyi Iran an, Javad Zarif, di pou li menm jounen lendi 14 me 2018 la se "Yon jounen lawont san parèy."

Depi byen lontan stati vil Jerizalèm reprezante youn nan dènye gwo ne gòdyen sou wout tout akò lapè ant Izrayèl avèk Palestinyen yo.

XS
SM
MD
LG