Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yo Rekòmanse ak Konstriksyon Wout Nasyonal #7 la Ki te Kanpe Depi Lontan


Yon kamyon baskil ki tap netwaye wout Jeremi yo apre pasaj siklon Matthew nan mwa doktob 2016.
Yon kamyon baskil ki tap netwaye wout Jeremi yo apre pasaj siklon Matthew nan mwa doktob 2016.

Travo konstriksyon wout nasyonal #7 ki soti Jeremi pou ale Okay la, rekomanse jounen jodi a nan depatman Grandans lan apre yo li te fin fè yon bon bout tan kanpe. Se konpayi Estreya yon fim dominiken ki ap egzekite travay sa a

Senatè depatman Grandans lan, Rigaudt Belizaire fè konnen se yon mank respè pou popilasyon an paske wout sa ap kontwi depi 2009 jis jounen jodi a li paka fini

Li ajoute, "Sètfwa si fok travay ap fini pou popilasyon an kapab itilize wout la pou evite aksidan." Senatè a pale tou de pon pou yo mete sou kèk rivye nan depatman an tankou nan Dam-Mari de fason pou moun pa nan retire soulye nan pye yo pou yo travèse rivye a.

Senatè Rigaud Belizaire swete pou nan kad karavan chajman an pou yo fè wout Abriko pou rive Dam-mari ki se yon trajè de 30 minit selman avek veyikil, li di konsa moun pap bezwen soti Abriko pou travese Jeremie, Moron, Chambellan pou ale Dam-Mari.

XS
SM
MD
LG