Accessibility links

Breaking News

Sèbi: Jeneral Ratko Mladic Parèt Devan Yon Tribinal


Jeneral Ratko Mladic ki rive nan yon tribinal nan Belgrade,
Jeneral Ratko Mladic ki rive nan yon tribinal nan Belgrade,

Pi gwo fujitif sèb, Jeneral Ratko Mladic konparèt nan tribinal pou krim degè Sèbi a nan vil Bèlgrad, apre yo te finn arete’l byen bone jedi 26 me 2011 la.

Jeneral la te pase plis pase yon dizèn lane nan kache. Mesye Mladic---- ki nan prizon kounye a nan yon vilaj , o nò peyi a--, se yon nèg tribinal penal entènasyonal L'ONU an t ap chache depi lontan pou krim degè, pami yo jenosid li te komèt kont moun ki pa sèb pandan konfli Bozni-Erzegovinn nan ki te dewoule nan debi ane 90 yo.

Tribinal sèb la gen pou l detèmine si ansyen fujitif la reyini kondisyon pou yo ekstrade l nan Lahè. Dapre responsab nan Sèbi yo, pwosesis sila a pa ta dwe pran plis pase 7 jou. Avoka defans li a, Milos Saljic, di jij yo kliyan li a pa rekonèt tribinal penal entènasyonal Nasyonzini an, e ke li pa an mezi ni fizikman ni mantalman pou l sibi yon envestigasyon.

Ratko Mladic
Ratko Mladic

Ratko Mladic, se yon kòmandan sèb bosnyak ki soti nan yon ti bouk ki tou pre Kalinovik, yon ti vilaj nan pati sid Bosni. Li te tanmen edikasyon militè li nan kòmansman ane 60 yo, e vè 1965, li te tounen yon ofisye nan lame nasyonal ansyen Yougoslavi a.

Nan debi ane 1990 yo, lè tansyon etnik te kòmanse ap dechire ansyen Yougoslavi-a, Mladic te deja ap okipe pòs yon kòmandan wo-grade nan peyi a. Yo te voye l al rezoud pwoblèm etnik yo nan Kosovo ak Kwoasi, anvan yo te deplwaye l nan kapital Bosni an, Srajevo, an 1992. Sou rekòmandasyon lidè sèb bosnyak Radovan Karadzic, yo te nonmen l chèf deta majò nouvo fòs militè sèb bosnyak la.

XS
SM
MD
LG