Accessibility links

Breaking News

Jeneral Peyi Soudan, Gwoup Pwo-Demokrasi Siyen yon Antant pou Mete Fen nan Kriz Politik la


Foto Achiv: Manifestan nan peyi Soudan pran lari pou mande yon retou a yon gouvenman sivil apre yon kou deta milite, 17 Nov. 2022.
Foto Achiv: Manifestan nan peyi Soudan pran lari pou mande yon retou a yon gouvenman sivil apre yon kou deta milite, 17 Nov. 2022.

Lidè Kou Deta Soudan yo siyen yon antant ak prensipal gwoup pwo-demokrasi peyi a pou tabli yon gouvènman tranzisyon sivil va dirije apre militè yo te sezi pouvwa a ane pase a.

Sepandan kèk pèsonaj kle te derefize patisipe nan negosyasyon yo, e yo poko fikse oken dat pou tranzisyon an tanmen.

Dokiman ki tabli yon kad pou gouvènman tranzisyon an te siyen pandan yon rankont ant Jeneral Abdel Fattah Burhan, Jeneral Mohammed Hamdan Dagalo ak lidè Fòs pou Deklarasyon Libète ak Chanjman.

Sanble se sèl òf ki bay detay sou kijan peyi a pral reprann tranzisyon li pou tabli yon gouvènman demokratik.

Pwosesis la te kanpe nan mwad Oktòb 2021, lè Jeneral Burhan te dechouke sivil ki te fè pati Konsèy Souvrènte ki tap dirije Soudan an. Jeneral Dagolo te apiye desizyon an.

XS
SM
MD
LG