Depatman Deta ameriken ap resevwa 7 out kap vini la a premye gwoup “Jèn Anbasadè Ayiti” ki janm vizite Lèzetazini.
Pandan 3 semèn, 20 jèn elèv lekòl (nivo segondè) ap genyen pou yo al vizite Nouyòk, Pennsylvani, New Jersey ak Washington , DC pou rankontre jèn ameriken parèy yo, viv lakay fanmi amerikèn ki aksepte akeyi yo e patisipe nan aktivite sou edikasyon sivik, sèvis kominotè ak devlopman jèn lidèchip.
Jèn k ap pran pa nan pwogram sa a se adolesan ant 15 ak 18 tan e ki demontre posibilite pou egzèse bon jan lidèchip. Malgre yo sòti nan fanmi ki pa genyen gwo mwayen ekonomik, yo chak te demontre yon angajman “san parèy” non sèlman pou yo sèvi nan domèn piblik la, men tou pou yo amelyore kominote kote y ap viv yo.
Elèv sa yo ap genyen avèk yo 2 edikatè k ap akonpaye yo nan pwogram nan.
Pwogram “Anbasadè Lajenès la” pèmèt etidyan lekòl segondè 25 peyi atravè tout kontinan ameriken an ak gran moun ki ankadre-yo travay ansanm pou ankouraje konpreansyon antre yo, ogmante kapasite lidèchip yo e prepare jèn yo pou yo ka fè yon diferans nan kominote yo.
Chak ane, plis pase 400 Anbasadè La jenès pran pa nan pwogram sa a.
Responsab relasyon pou medya yo se Carla Coolman. Nou kapab ekri l nan adrès sa a CoolmanCH@state.gov osnon rele nan 202 632-3356.