Accessibility links

Breaking News

Etazini: Minis Jistis la, Jeff Session, Fè konnen Lap Rete nan Pòs li Malgre Kritik Prezidan Donald Trump


Jeff Session, nan Capitol Hill, Washington, 28 javye 2015.
Jeff Session, nan Capitol Hill, Washington, 28 javye 2015.

Prezidan ameriken Donald Trump fe konnen nan yon intevyou ak Jounal ameriken New York Times: si gen yon komisè espesyal kap mennen anket sou enfliyans Larisi nan eleksyon prezidansyel ane pase yo e posib mank e melanj ki te egziste nan kanpay lan ap debouche sou finans fanmiy Trump la, e ben se pa yon bagay ki akseptab.

Mesye Trump di li pa resevwa okenn lajan nan men Larisi, li pa fè biznis avek Larisi. Lide ameriken- n eksprime konstenasyon ni konsenan desizyon minis jistis Jeff Sessions pran pou l rale kò l nan envestigasyon sou dosye Larisi a kote li presize si Mesye Sessions te endike entansyon sa a anvan li jwen nominasyon an, mwen ta pral chwazi yon lòt moun pou okipe pòs la.

Nouvèl yo rapòte minis jistis la pa gen okenn entansyon kite pòs li malgre kritik prezidan ameriken an.

XS
SM
MD
LG