Accessibility links

Breaking News

Jedi 13 Oktòb 2011: Prezantasyon "Deklarasyon Politik Jeneral" Premye Minis Conille nan Sena a


Apre kèk jou negosyasyon, prezidans la ak palman an rive antann yo sou yon dat pou Premye Minis konfime a, Dr. Gary Conille, prezante devan 2 chanm yo pou l prezante "deklarasyon politik jeneral" li. Nan yon entèvyou avèk Lavwadlamerik, Prezidan Sena a, Avoka Jean Roudolph Joazil, di dat la se jedi 13 oktòb 2011 la. Misye Conille va prezante dabò devan Sena a, e ansuit devan Chanm Depite a.
XS
SM
MD
LG