Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Chwazi Jean Henry Céant Kòm Nouvo Premye Minis


Notè Jean Henry Céant, adwat, tap bay anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jacquelin Belizaire yon entèvyou nan otèl Marriott nan Pòtoprens 5 fevriye 2017.
Notè Jean Henry Céant, adwat, tap bay anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jacquelin Belizaire yon entèvyou nan otèl Marriott nan Pòtoprens 5 fevriye 2017.

Dapre yon mesaj Prezidan Repiblik la Jovenel Moise ekri sou kont Twitter l, li anonse chwa nouvo premye minis la ki se sitwayen: Jean Henry Ceant. yon chwa ke lokatè Palè Nasyonal la di li fè apre konsiltasyon ant prezidan chanm Sena Joseph Lambert ak Depite yo, Gary Bodeau.

Prezidan an anonse li siyen yon arete pou nome nouvo chèf gouvènman an dimanch 5 out 2018 la. Anons sa vini anviwon 3 semèn apre demisyon Premye minis Jack Guy Lafontant suit ak manifestasyon vyolan ak piyaj plizyè antrepriz prive nan Pòtoprens, jou ki te 6 ak 7 jiyè pase a.

Depi apre demisyon Premye minis Jack Guy Lafontant an, Prezidan Moise te an konsiltasyon ak plizyè sektè nan vi nasyonal la yon fason pou l te kapab abouti ak chwa pwochen chèf gouvènman li an.

Kilès sitwayen Jean Henry Ceant ye?

Mesye Jean Henry Ceant, om politik, se yon ansyen kandida alaprezidans nan eleksyon 2010 yo sou banyè pati politk Renmen Ayiti ki te gen eslogan: "Tout moun ladan."

Li fèt nan komin Croix-des-Missions 27 septanm 1956. Li marye ak madanm li ki se sitwayèn Chantal Volcy e yo gen 4 pitit poun site enfomasyon ki sou paj Facebook Mesye Ceant.

Jean Henry Ceant se yon lisansye an dwa, diplom li resevwa apre li te fin konplete etid li nan Fakilte dwa ak ekonomi nan Inivèsite leta ayisyen an nan ane 80 yo. An 1986, Mèt Jean Henry Ceant te nome notè piblik pou komin Potoprens. E se sou fonksyon sa a anpil moun konnen li nan kapital la.

Akote lisans avoka li a, Mèt Ceant te konplete kèk lot etid siperyè tankou kontabilite ak lang. Li fè lot etid aletranje nan kad fonksyon notè li a e li se manb yon asyosyasyon notè entènasyonal pou Karayb la ak Amerik latin, ki rele l’Union Internationale du Notariat. Mèt Henry Ceant ap anseye dwa nan inivèsite Quisqueya depi an 1996.

XS
SM
MD
LG