Jimnas amerikèn Gabrielle Douglas (16 zan) ranpòte tit chanpyòn olempik konkou gimnastik jeneral Je Olenpik Londres yo. Douglas pran meday lò a devan Ris, Victoria Komova, (meday ajan) ak Aliya Mustafina, meday bwonz.
http://www.voanews.com/content/doping-olympics/1454140.html
Miss Douglas, yo bay ti non "écureuil volant" tèlman li ka voltije tankou ti mamnifè sa a, se premye jimnas fi nwa ki mete nan pòch li pi gwo twofe konpetisyon jeneral la.
Dominique Dawes, ki te nan sal konpetisyon an, te premye amerikèn nwa chanpyòn olenpik nan kategori jimnastik la, men nan konpetisyon pa ekip la kote li te dekwoche meday lò nan Je 1996 yo.
Gabrielle Douglas, natif-natal Eta Virginia, ranmpòte siksè tou avèk 2 konpatriyòt li, Carly patterson (chanpyòn Je Olenpik Athènes 2004 yo) ak Nastasia Liukin ( Chanpyòn Je Olenpik Peken 2008 yo. Pou yon lide sou rezilta Je Olenpik yo, sou atlèt ki ranmase plis meday lò, ale sou ralonj ki anba atik sa a
http://www.voanews.com/content/doping-olympics/1454140.html