Vil Betlehèm nan Si-jòdani kote Labib di Jezikri te pran nesans, ap selebre fèt nwèl la ki dewoule nan yon espri kowoperasyon moun pa t janm wè ant otorite Izrayelyen ak Palestinyen yo. Anviwon 90 mil touris debake nan zòn nan pandan fèt la --yon chif ki reprezante yon ogmantasyon 30 pou 100 sou kantite touris ki te patisipe nan fèt la an 2009.
Minis Touris Izrayelyen an, Stas Meseznikov, di sektè touristik la reprezante yon pon ant lapè ak dyalòg; e li nan enterè popilasyon 2 peyi yo pou gen yon bon espri kowoperasyon ant lidè 2 pati yo.
Gouvènman Izrayelyen an ensiste sou soulajman ki genyen nan restriksyon li te enpoze sou vwayaj palestinyen yo ; yon desizyon ki fasilite deplasman ant Jerizalèm ak Betlehèm ki sou kontwòl Palestinyen yo sou tèritwa Si-Jòdani. Jeneral Izrayelyen Eitan Dangot deklare yo pèmèt plizyè milye touris antre soti nan Si-Jòdani pou peryòd fèt la. Se konsa tou, yo pèmèt kretyen kap viv nan Si- Jòdani yo vizite fanmi yo genyen an Izrayèl.
Evèk Palestinyen kap dirije yon legliz kretyèn nan Betleyèm, Naim Khoury, byen kontan desizyon an e li kwè sa wete kèk nan presyon kap peze sou do dirijan yo.
Ogmantasyon kantite touris ki fè deplasman an pou y al vizite Tè Sent-la nan okazyon Fèt Nwèl la, ede ekonomi vil Betleyèm. Gwo mi Izrayèl konstwi ozalantou vil sa-a fè palestinyen yo kwè vil kote Jezi te pran nesans la sanble plis ak yon prizon ke tout lòt bagay. Majistra vil la, Victor Batarseh, di richès pa kapab ranplase libète : «Nou vle gen dwa gran moun nou, dwa pou n gen pwòp peyi pa nou, yon peyi ki rele n chè mèt chè mètrès avèk Jeruzalè m kòm kapital. »
Izrayèl te konstwi miray la apre yon seri de atak kamikaz ki te fè gwio dega ak anpil vivktim nan eta jwif la; men Palestinyen yo di miray sa-a reprezante senbòl ki montre yo pase yon lòt Nwèl anba okipasyon.