Mèkredi 26 janvye 2011 la palmantè ameriken John Conyers te òganize yon rankont sou evenman ki make Ayiti pandan 12 mwa ki sòt pase yo, avèk tou yon panse spesyal pou viktim tranbleman 12 janvye 2010 la, yon lane apre.
Nan program sa a, moun ki te pran lapawòl yo te gen pou prezante e kòmante retou ann Ayiti ansyen prezidan avi Jean-Claude Duvalier, kriz eklektoral la, pwosesis rekonstriksyon ak epidemi kolera ki deja touye preske 4 mil moun nan peyi a.
Depite Eta Michigan an te envite plizyè responsab òganizasyon vinn pataje opinyon yo sou sitiyasyon Ayiti a. Pami oratè yo nap siyale Nicole Lee (Prezidant TransAfrica ), Ron Daniels (Direktè Egzekitif Sant pou Dwa konstitisyonèl, James Morell (Direktè Egzekitif Haiti Democracy Project), Doktè Joseph Baptiste (Prezidan Federasyon Ayisyèn), Tamara Brown (Konseye nan Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti), Belinda Bernard (USAID).
Jacquelin Bélizaire te pale ak Stanley Lucas, responsab Responsab Washington Democracy Project.
Klike sou ralonj mp3 ki anwo, adwat paj wèb la pou n koute entèviou misye Lucas ak Jacquelin Bélizaire la