Accessibility links

Breaking News

Konseye e Alafwa Bofis Prezindan Trump la, Jared Kushner, Rive nan Mwayen Oryen pou Fasilite Lapè ant Izrayèl ak Palestin


 Jared Kushner, Konseye e Alafwa Bofis Prezindan ameriken an, Donald Trump .
Jared Kushner, Konseye e Alafwa Bofis Prezindan ameriken an, Donald Trump .

Manm ekip Mezon Blanch, Jared Kushner, relanse chita-koze sou konfli ant Izrayèl ak Palestinyen yo pandan administrasyon Trump a ap chache remete sou pye yon antant sou lapè ant 2 kan sa yo kap pèdi pasyans deplizanpli.

Sòlda izraelyen yo nan Kofr Qadom toupre Nablus, pandan yon lese frape ak manifestan palestinyen yo. 25 out 2017.
Sòlda izraelyen yo nan Kofr Qadom toupre Nablus, pandan yon lese frape ak manifestan palestinyen yo. 25 out 2017.

Mesye Kushner kòmanse nouvo efò chita-koze yo ak lidè izraelyen Benjamin Netanyahu nan Jerizalèm e li gen pou l rankontre ak Prezidan Palestinyen an, Mahmoud Abbas apre sa nan vil Ramallah nan Sisjòdani.

Mesye Netanyahu fè konnen li menm ak Mesye Kushner te gen pou yo pale sou kouman pou yo fè vanse lapè, stabilite ak sekirite nan rejyon an e li panse ke gen posibilite pou sa fèt.

XS
SM
MD
LG