Accessibility links

Breaking News

Japon: Yon Ajans Endepandan pou Kontwole Endistri Nikleyè Peyi a


Direktè jeneral Ajans Entènasyonal Enèji atomik la Yukiya Amano (AP Photo/Ronald Zak)
Direktè jeneral Ajans Entènasyonal Enèji atomik la Yukiya Amano (AP Photo/Ronald Zak)

Gouvènman japonè a di li pral kreye yon ajans endepandan pou kontwole endistri nikleyè peyi a aprè izin nikleyè Fukushima a.

Nan yon rapò li pral soumèt bay Ajans Entènasyonal Enèji atomik la, gouvènman an fè konnen Ajans sekirite endistriyèl ak nikleyè a pral separe avèk Ministè ekonomi, Komès Endistri ki ankouraje enèji nikleyè.

Rapò sa a fè konnen akoz mank endepandans NISA, sa te jennen kapasite ajans la pou l kontwole endistri nikelyé a e sa te ralanti repons ofisyèl li ta dwe bay nan ka dezas la.

XS
SM
MD
LG