Accessibility links

Breaking News

Japon: Pa Gen Twòp Espwa Pou Jwenn Plis Sivivan


Japon: Pa Gen Twòp Espwa Pou Jwenn Plis Sivivan
Japon: Pa Gen Twòp Espwa Pou Jwenn Plis Sivivan

Divès ekip sekouris entènasyonal ap fouye nan debri yo nan yon vil japonèz ki sou kòt nò-dès pey a nan moman tan an finn pase pou yo ta jwenn lòt moun ki sòti vivan nan tranblemanntè ak sounami ki te frape rejyon an semèn pase a.

Ekip sa yo sòti Ozetazini, an La Grand Bretay, Lachinn, elatriye. Yo mete ansanm ak yon afè de 200 espesyalis etranje k ap pote konkou yo, mèkredi 16 mas 2011 la, nan efò sekou k ap fèt nan vil Ofounato, ki pratikman disparèt nan tranblemanntè vandredi a ki te pwovoke 3 gwo vag sounami youn apre lòt.

Sepandan poko gen nouvèl ki pale de moun sekouris yo ta rive sove ; e nan moman tanperati a bese anpil epi meteo prevwa 30 santimèt nèj pral tonbe mèkredi a, sekouris yo di ya pa panse yo pral jwenn lòt moun ki ta vivan toujou anba debri yo.

XS
SM
MD
LG