Accessibility links

Breaking News

Japon: Efò ap Kontinye Pou Konbat Radyasyon


Japon: Efò ap Kontinye Pou Konbat Radyasyon
Japon: Efò ap Kontinye Pou Konbat Radyasyon

Nan peyi Japon, operatè k ap travay nan yon enstalasyon nikleyè ki te sibi dega nan tanblemanntè mwa pase a, (an palan de enstalasyon Fukushima a) anonse yo pral degaje plis pase 10 mil tòn dlo kontamine nan lanmè a yon fason pou kreye plis espas nan tank yo pou dlo ki gen plis radyo-aktivite.

Chèf kabinè ministeryèl japonè a, Yukio Edano, konfime plan sa a nan yon konferans-pou-laprès li bay lendi 4 avril 2011 la, konferans kote li di se yon etap “inevitab” pou garanti sekirite.

Dapre responsab la, dlo y ap degaje a gen mwens radyoaktivite pase dlo ki pral tonbe nan tank yo; e pi fò ladan n soti nan 2 reyaktè enstalasyon Fukushima a.

XS
SM
MD
LG