Accessibility links

Breaking News

Japon: Dezas Nikleyè a Atenn Nivo Maksimòm nan


Japon: Dezas Nikleyè a Atenn Nivo Maksimòm nan
Japon: Dezas Nikleyè a Atenn Nivo Maksimòm nan

O Japon, otorite yo fè konnen kounyela a kriz ki pete nan izin nikleyè Fukushima a merite klase nan pi wo nivo a sou échèl entènasyonal la, e sa mete dezas la nan menm nivo ak aksidan ki te fèt nan santral nikleyè Chernobyl la an 1986.

Otorite yo pran desizyon madi 12 avril 2011 la pou yo klase dezas la nan nivo 7 sou echèl Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la, e sa vle di sa k rive nan Fukushima a, se yon gwo kokenn aksidan ki kapab genyen move konsekans sou lasante e sou anviwonnman an.

Sepandan, yo ensiste pou di radyasyon ki sòti nan izin nan depi tranblemanntè ak sounami te detwui sistèm refwadisman izin nan nan dat 11 mas pase , reprezante sèlman 10% sa ki te sòti nan Chernobyl la.

XS
SM
MD
LG