Dirijan yo o Japon lanse apèl pou yo mande gouvènman an vire do bay enèji nikleyè nan yon seremoni solanèl ki dewoule madi 9 out 2011 la pou make 66èm anivèsè eksplozyon bonm atomik la sou vil Nagasaki.
Yon afè de 6 mil moun te rasanble sou « Plas de Lapè a » nan vil la pou yo te tande yon klòch ki te kòmanse sonnen nan egzatteman minit kote bonm nan te tonbe a sa genyen 66 zan.
Pami envite yo te genyen diplomat 44 peyi. James Zumwalt -chaje dafè Lèzetazini nan Nagasaki-- tounen premye ofisyèl ameriken ki asiste seremoni sa a ki dewoule chak ane.
Ane pase, anbasadè ameriken an, John Roos, te prezan nan yon seremoni menm jan ki te fèt nan Hiroshima, youn nan 2 vil japonèz Lèzetazini te atake ak bonm atomik la nan fen 2èm Gè Mondyal la.