Accessibility links

Breaking News

Japon: Sitiyasyon an ap Vinn Pi Grav


Japon: Sitiyasyon an ap Vinn Pi Grav
Japon: Sitiyasyon an ap Vinn Pi Grav

Nan Japon, ponpye kontinye deplwaye efò pou refwadi reyaktè nikleyè ki te sibi dega nan tranblemanntè vandredi pase a nan yon aksyon pou eseye ”rafrechi” konbistib nikleyè yo k ap chofe danjerezman e ki gen anpil aktivite radyo-aktiv.

Ponpye yo ap wouze reayaktè yo nan batiman an , men yo gen yon tan tou kout yo ka rete ann dan izinn nan akoz nivo elve radyasyon an.

Pandansetan, responsab Ajans Entènasyonal Enèj Atomik la Yukiya Amana rive vandredi 18 mas 2010 la nan Japon pou rankontre responsab japonè yo yon fason pou konnen ki jan Ajans la ka ede nan kriz sa a.

Mesye Amana di sitiasyon an nan stasyon nikleyè Foukouchima a “trè serye”.

XS
SM
MD
LG