Accessibility links

Breaking News

Konfimasyon Mme. Janet Yellen Kòm Prezidan Bank Santral Etazini an


Mme. Janet Yellen, President Barack Obama nonmen kòm nouvo prezidan Bank Santral Etazini an
Mme. Janet Yellen, President Barack Obama nonmen kòm nouvo prezidan Bank Santral Etazini an
Sena ameriken an konfime Janet Yellen kòm nouvo prezidan Bank Santral Etazini, premye dam ki janm okipe pozisyon sa a---pòs pi enpòtan nan milye ekonomik e finansye entènasyonal yo.
Chanm Wot la vote 56 vwa pou e 26 kont pou konfime madam Yellen ki te bezwen yon majorite senp pou konfimasyon li.

Prezidan Barack Obama deklare "pèp Ameriken an pral jwenn nan Yellen yon gwo chanpyòn ki konprann objektif politik finansye a se amelyore lavi e kreye travay pou ovriye yo ak fanmi yo".

Madam Yellen se premye dam ki, depi 100 an kreasyon li pral dirije Rezèv Federal la.
L ap ranplase Ben Bernanke ki rive mwa sa a nan fen manda 8 tan li an nan tèt enstitisyon an.

Prezidan Rezèv Federal la ase souvan efliyanse desizyon ekonomik mondyal yo. Ekonomis yo predi, madam Yellen, 67 tan---ki te okipe jiskaprezan pòs vis-prezidan Bank Santral la anvan prezidan Obama te chwazi l pou dirije Enstitisyon an---pral kontinye aplike anpil nan politik misye Bernanke yo.
Yo tou 2 anfavè pou gouvènman an koupe pezape apui Bank Santral la ap bay ekonomi an e kontinye mentni to enterè yo nan nivo trè ba yo ye jounen jodia.
XS
SM
MD
LG