Accessibility links

Breaking News

Jakmèl: 2 Moun Mouri, Pandan Wikenn Pase a, Youn ak Bal Lòt la ak Kout Manchèt


Senbòl sèn krim
Senbòl sèn krim

Nan Jakmel, 2 moun mouri youn ak plizye bal e lòt la ak kout manchèt.
Ensidan sa rive aprè you diskisyon ant fanmi Batelmi ak Jacques Jean Pierre ki ta bastonnen Clarita Batelmy poutèt li te rantre nan you jaden mango e pran kek grenn mango.


Yon tantativ negosyasyon soti echwe lè pwoch Jacques Jean Pierre yo te estomake epi refize bay 30 mil dola. Bale tire, Ernsto Batelmy tonbe anba plizyè bal.

Population an ki ankòle atake ak manchet ,Fabrice Pierre, you anploye Radio Pèp ki se pwopriete ansyen Senate Edo Zenny e mete dife nan machine viktim nan.
Aprè konsta legal yo, jij Antonius Alexandre ak polisye SDPJ yo te bay lòd pou leve kadav yo depose yo nan mòg.

Pami moun ki enplike nan senn krim sa gen you polisye USGPN. Edelson Jean Pierre. Situation an te toujou trè complike nan zò Cyvadier you lokalite ki sitye ant vil Jakmèl ak komin Kay Jakmel.

Korepondan Lavwadlamerik nan Jacmel, Eveline Adonis, rapòte nouvèl sa a.

XS
SM
MD
LG