Accessibility links

Breaking News

Jack Dorsey Demisyonen Kòm PDG Twitter


Foto Achiv: Jack Dorsey, PDG Twitter, 28 Oct. 2020.
Foto Achiv: Jack Dorsey, PDG Twitter, 28 Oct. 2020.

Ko-fondatè rezo sosyal Twitter, Jack Dorsey, bay demisyon ni kòm direktè Twitter jodia.

Se Chèf teknoloji Twitter la, Parag Agrawal ki pral ranplase'l. Dorsey pral rete kòm manm komite ki dirije rezo sosyal la jiskaske manda li ekspire an 2022.

Agrawal te komanse travay pou Twitter an 2011, e li okipe pòs chèf teknoloji a depi 2017.

Dorsey te fè fas ak anpil kritik bò kote envestisè yo pou fason lap jere Twitter, pi presizeman desizyon li pran pou'l sèvi an menm tan kòm direktè yon lòt konpayi li fonde ki rele Square - e ki jere peman kap fèt a travè rezo sosyal yo ak sou entènèt la.

Nan yon lèt li pibliye sou kont ofisyèl Twitter li a lendi, Dorsey deklare li "vreman tris men trè kontan" ak desizyon li pran pou'l kite konpayi a, e ke se limenm ki pran desizyon sa a poukont li.

XS
SM
MD
LG