Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Anonse Plan Pou l Tabli Plis Pèpleman Nan Jerizalèm Es


Izrayèl Anonse Plan Pou l Tabli Plis Pèpleman Nan Jerizalèm Es
Izrayèl Anonse Plan Pou l Tabli Plis Pèpleman Nan Jerizalèm Es

Depatman Deta ameriken an fè konnen lendi 8 novanm 2010 la li desi anpil-anpil akoz plan Izrayèl genyen pou l table plus konstriksyon nan Jerizalèm Es –ki an diskisyon ant Izrayelyen ak Palestinyen, paske se yon vil Palestinyen yo ta renmen itilize kòm kapital yon eta palestinyen endepandan nan lavni. Kèk èd-tan sèlman aprè gouvènman izrayelyen an te anonse plan an, pòtpawòl Depatman Deta, P.J. Crowley, te kritike li byen kritike.

"Nou desi anpil-anpil akoz anons ki fèt pou di izrayelyen yo deja rive byen lwen nan plan yo genyen pou yo fè nouvo konstriksyon nan Jerizalèm Es, ki se yon zòn trè sansib. Sa ka deranje efò n ap deplwaye pou negosyasyon dirèk yo rekòmanse ant 2 pati yo. Se gen lontan depi n ap bay 2 pati yo konsèy pou yo evite tout aksyon ki ka fè youn pa gen konfyans nan lòt – aksyon tankou sa k pral fèt nan Jerizalèm nan- e nou pral kontinye travay pou negosyasyon yo reprann, pou n abòde pwoblèm ki poze la a ak lòt pwoblèm ankò."

Otorite yo nan Pouvwa Palestinyen an, yo menm tou, kondane anons Izrayèl fè pou l di li gen plan rekomanse konstrui nan Jerizalèm Es.

XS
SM
MD
LG