Accessibility links

Breaking News

Izrayèl-Eleksyon: Premye Minis Benjamin Netanyahu Ap Chache yon 5èm Manda


2 kandida nan eleksyon yon ann Izrayèl : Premye minis Benjamin Netanyahu (adwat) ak Benny Gantz ki se ansyen chèf lame vizrayelyen an.
2 kandida nan eleksyon yon ann Izrayèl : Premye minis Benjamin Netanyahu (adwat) ak Benny Gantz ki se ansyen chèf lame vizrayelyen an.

Nan peyi Izrayèl, sitwayen yo ap vote madi 9 avril 2019 la nan eleksyon palmantè kote gen gwo risk pou Premye minis Benjamin Netanyahu, ki sou pouvwa a depi 10 zan.

Nan eleksyon sa a Misye Netanyahu ap fè fas ak ansyen chèf lame a, Benny Gantz, k ap takle li seryezman nan preferans elektè yo. Anvan selekyon an, sondaj yo te montre pati Likud la (pati msye Netanyahua), ak pati Ble e Blan an (pati jeneral Gantz la) genyen chans pou yo ranpòte menm kantite syèj nan Knesset la (swa palman izrayelyen an) ki gen 120 manb.

Si sa fèt san di pètèt, Misye Netanyahu, ki gen 69 van, ka pran dispozisyon ki nesesè pou l jwenn yon 5èm manda; sa l dwe fè pou sa, se antre nan yon kowalisyon ak divès ti pati zèl dwat ki alye avèk pati Likoud la.

XS
SM
MD
LG