Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Ewòp : Virewon premye minis izrayelyen Benjamin Netanyahu


Somè Frans- Izrayèl Jen 2018 , Pari
Somè Frans- Izrayèl Jen 2018 , Pari

ISRAEL EUROPE CNPK

Premye minis izrayelyen Benjamin Netanyahu rakontre ak premye minis britanik Theresa May jodi mèkredi a nan vil Lond nan dènye etap virewon 3 jou lap fè an Ewòp , yon fason pou pran tèt lidè sou kontinan an pou yo chanje akò nukleyè entènasyonal plizyè puisans mondyal te siyen ak Iran an 2015. Premye minis Grann Bretay Theresa May akeyi mesye Netanyahu nan 10 Downing Street, ki se adrès primatu peyi-a. Lidè eta jwif la te fè chita-pale tou ak prezidan peyi Lafrans Emmanuel Macron yè madi a nan palè Elize vil Pari a, kote li di li nan enterè Izrayèl pou anpecheche republik islamik la fabrike zam nkleyè lakay li.

XS
SM
MD
LG