Accessibility links

Breaking News

Izrayèl-Palestin:17 Moun Mouri nan Lese Frape ak Sòlda Izrayelyen yo nan Gaza


Sòlda Izrayelyen kap tire gaz lakrimojèn sou manifestan palestinyen yo nan lavil Bethlehem. Samdi 31 mas 2018.
Sòlda Izrayelyen kap tire gaz lakrimojèn sou manifestan palestinyen yo nan lavil Bethlehem. Samdi 31 mas 2018.

Ministè lasante Palestinyen an rapote bonè lendi 4 avril 2018 la lanmò yon sitwayen Gaza solda izrayelyen tire pandan yon manifestasyon ki tap dewoule semen pase a.

Lanmò sa a fe yon total 17 moun pou pipiti ki mouri dapre responsab palestinyen yo. Plizyè santèn lòt blese nan konfwontasyon. Lame izrayelyenn fè konnen sòlda li yo te louvri kout zam sou manifestan yo sèlman lè yon kantite nan yo tap eseye kraze miray fwontyè a e yo tap voye wòch ak bonm ensandyè ( kòktèl molotòv) sou yo.

Izrayèl di tou 10 nan manifestan ki mouri yo se te teroris ki t ap eseye fofile kò yo pou travèse fwontyè a.

XS
SM
MD
LG