Accessibility links

Breaking News

Etazini Louvri Anbasad li Ofisyèlman nan Jerizalèm, Kapital Izrayèl la


 Konseye Lamezon Blanch Jared Kushner ki te pran lapawòl nan seremoni ouvèti anbasad Etazini nan Jerizalèm lendi 14 me 2018 la.
Konseye Lamezon Blanch Jared Kushner ki te pran lapawòl nan seremoni ouvèti anbasad Etazini nan Jerizalèm lendi 14 me 2018 la.

Jan Prezidan ameriken an Donald Trump te deja anonse li a nan mwa avan yo, Etazini louvri anbasad li nan Jerizalèm ofisyèlman lendi 14 me 2018 la.

Sepandan, lese frape nan Gaza ant manifestan Palestinyen yo ki konteste desizyon sa a lanse yon bann objè pa lòtbò fwontyè a ak Izrayèl e yo te gen entansyon boule kawoutyou anvan e pandan dewoulman seremoni transfè anbasad la ke otorite ameriken yo wete nan Tel Aviv pou plase li nan Jerizalèm. Anpil bizniz ak lekòl fèmen.

Daprè dènye nouvèl yo, kantite moun ki mouri jodi ya nan manifestasyon kont transfè anbasad la se 37, tandiske 500 lòt omwen blese pami yo gen plizyè douzèn ki pran bal. Sa fè kantite palestinyen ki mouri anba men sòlda izrayelyen pandan 6 semèn pwotestasyon monte depase 50.

XS
SM
MD
LG