Accessibility links

Breaking News

Iran Rejte 2 Enspektè AEEA Chwazi Pou Evalye Pwogram Nikleyè l La


Ajans nouvèl leta Iran an, ISNA, k ap site chèf ajans atomik repiblik islamik la fè konnen Iran pap aksepte resevwa sou teritwa’l 2 enspektè etranje li di ki te bay Ajans Entènasyonal Enèji Atomik (AEEA) yon fo rapò sou pwogram nikleyè Teheran an.

Medya Leta Iranyen yo di pòtpawòl ministè afè etranjè a, Ramin Mehmanparast, panse rapò sa a sibi gwo enfliyans politik.

Ajans la demanti nouvèl sa a e li di nan yon rapò ki parét lendi 6 septanm la ke Iran repete objeksyon n pou fè konnen chwa enspektè yo ba li yo ap entèwonp travay ajans la.

AEEA di tou nan 2 zan ki sot pase yo, Iran refize reponn kesyon sou swadizan aktivite nikleyè li yo --pami yo sa ki gen rapò a developman yon

Nan Washington, yon pòtpawòl Lamezon Blanch la, Tommy Vietor, di rapò AEEA pibliye a "twoublan" e l demontre Iran toujou ap eseye devlope kapasite pou l genyen zam nikleyè.

XS
SM
MD
LG