Accessibility links

Breaking News

Iran Rebay Fanm Dwa Antre Nan Estad Pou Gade Football

FILE - In this Oct. 16, 2018 file photo, Iranian women cheer as they wave their country's flag after authorities in a rare move allowed a select group of women into Azadi stadium to watch a friendly soccer match between Iran and Bolivia, in Tehran, Iran.

FIFA te pase Iran lòd pou kite fanm antre nan estad yo apre lanmò yon sipòtè, Sahar Khodayari, ki te pito imole tèt li ak dife devan yon tribinal olye li te pran prizon poutèt li te vle asiste yon match.

Sipòtè a, yon dam ke yo te rele "Fi Bleu" akoz koulè klib li te sipòte a, Esteghlal FC, te chache antre nan yon estad kote li te degize an gason. Lanmò li te fè gwo bri, kote anpil moun te mande pou entèdi Iran nan match entènasyonal e pou bòykote match li yo.

FIFA te fè presyon sou Iran depi plizyè lane pou l ka ouvè estad li yo bay fanm antre, men jiska 2019, se sèlman yon ti kantite limite fanm ke Teheran te otorize asiste kèk match, pou pi plis yon afè mil sipòtè an 2018.

Match ant Iran ak Irak toujou enterese anpil moun nan popilasyon an akòz lagè ki te dewoule ant 2 peyi yo ki te tanmen 1980 e te bout an 1988, yon konfli ki te pran lavi yon milyon moun e fè anpil destriksyon.

XS
SM
MD
LG