Accessibility links

Breaking News

Iran Pare Pou l Retounen Arebò Tab Negosyasyon an


Chèf politik etranjè Inyon Ewopeyèn nan fè konnen Iran pare pou l retounmen arebò tab negosyasyon yo pou diskite sou pwogram nikleyè li a.

Catherine Ashton, se non chèf diplomasi Inion an di vandredi 29 oktòb la nan kapital Bèlj la, Brusèl, li resevwa yon lèt nan men prensipal negosyatè nikleyè iranyen an, Saeed Jalili, ki presize peyi li a pare pou l rekòmanse negosyasyon yo apre dat 10 novanm k ap vinn la a.

Madam Ashton di li konsidere òf sa a kòm yon devlopman enpòtan.

XS
SM
MD
LG