Peyi Iran konfime nouvèl ki fè konnen li envite diplomat etranje al fè yon toune nan enstalasyon nikleyè l yo mwa sa a.
Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè iranyen an, Ramin Mehmanoarast --ki t ap abòde dosye a madi 4 janvye 2011 la-- di Iran lanse envitasyon sa a bay reprezantan kèk peyi ewopeyen, yon gwoup peyi non aliye e kèk nan 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l’ONU an plis Lalmay -gwoup yo rele « P-5 plis 1 an ».
Misye Mehmanparast kontinye pou l di, diplomat sa yo gen envitasyon pou yo vizite enstalasyon yo, anvan Iran ak gwoup « P5 plis 1 an» fè negosyasyon yo sou pwogram nikleyè peyi a nan Tuki nan fen mwa janvye a.