Accessibility links

Breaking News

Iran Lanse yon Fize nan Lespas


Foto sa a ke sit entenet ofisyel Ministe Defans Iranyen an pibliye Jedi 30 Desanm nan montre lansman fize Simorgh la.
Foto sa a ke sit entenet ofisyel Ministe Defans Iranyen an pibliye Jedi 30 Desanm nan montre lansman fize Simorgh la.

Televizyon nasyonal Iranyèn nan fè konnen Teheran lanse yon fize nan lespas kap transpòte yon satelit ak 3 lòt aparèy. Li pa klè si okenn nan objè sa yo antre nan òrbit terès la.

Yon repòtaj ki parèt nan televizyon leta Jedi pa di kilè lansman an fèt ni ki aparèy egzakteman li te transpòte.

Sepandan, lansman sa a vini nan moman kote gen negosyasyon kap dewoule nan vil Vyen sou akò nikleye Iran an, ki an degraba.

Lansman ki te fet anvan sa te soulve gwo kritik bò kote Etazini. Sepandan, responsab Ameriken yo pa di krik sou kestyon pou konnen si objè Iran lanse yo rive nan lespas vreman vre.

Pwogram spasyal Iran an soufri akoz plizye pwoblèm pandan ane ki pase yo, tankou pa egzanp lansman echwe epi yon fize ki te eksploze sou pis lansman an.

XS
SM
MD
LG