Accessibility links

Breaking News

5 nan Peyi Sinyatè Akò Nikleyè ak Iran yo Di Yap Fè Biznis ak Teheran Malgre Sanksyon Etazini yo

(Goch-Dwat) Chèf politik afè etranjè nan Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, minis afè etranjè Iran an, Javad Zarif, Minis afè etranjè Lafrans la, Jean-Yves Le Drian, Minis afè etranjè Almay la, Heiko Maas ak Sekretè afè etranjè peyi Angletè a, Boris Johnson kap pran yon pòz foto ansanm. (Foto: AP/Olivier Matthys, Pool) 15 me 2018.

5 pati ki rete nan akò nikleyè Iran an dakò pou yo tabli yon sistèm peman espesyal kap pèmèt konpayi yo kontinye fè biznis ak rejim nan, kote yo ka pase sou kote nouvo sanksyon Etazini enpoze yo.

Anvwaye ki soti nan Grand Bretay, Frans, Almay, Larisi, Lachin ak Iran pibliye yon kominike nan aswè lendi 24 septanm 2018 la ki soti nan Nasyon Zini ki anonse kreyasyon yon "Machin ak Fonksyon Espesyal" ki pwal pran plas li nan Inyon Ewòp la.

Patiyo fè konnen nouvo sistèm nan ap la pou fasilite peman ki gen rapò ak ekspòtasyon pwodui kap soti nan Iran, antwòt petwòl.

Federica Mogherini, chèf politik afè etranjè nan Inyon Ewòp la, di laprès ke nouvo machin nan bay peyi yo ki manm Inyon an "yon sistèm finansye legal pou fasilite tranzaksyon legal ak Iran, e ke li ka ouvè pou lòt patnè tou nan mond la."

XS
SM
MD
LG