Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Irakyen Reponn Apèl yon Lidè Relije Lanse pou Kite Lari a Apre Gwo Lese Frape

Moun nan brigad lape a ki lwayal a lide relije pwisan Irakyen Muqtada al-Sadr deplwaye nan Baghdad, Irak, Madi 30 Out, 2022.
Moun nan brigad lape a ki lwayal a lide relije pwisan Irakyen Muqtada al-Sadr deplwaye nan Baghdad, Irak, Madi 30 Out, 2022.

Patizan yon lidè relije Irakyen ki gen anpil enfliyans ki te pran zam yo epi antre nan lese frape ak fòs sekirite yo nan kapital Irakyèn nan kòmanse antre lakay yo.

Desizyon sa a restore kalm nan Baghdad apre gwo tansyon politik ki te egziste nan vil la akoz sityasyon politik la.

Apre 2 jounen dezòd ki te soulve kè sote dèske enstabilite a taka pwopaje nan tout peyi a, lidè Muqtada al Sadr te mande patizan li yo pou yo pati kite espas kote biwo leta yo sitye.

Kèk minit apre sa, moun te ka we patizan yo ap pati. Lame Irakyen an anonse tou li pral leve kouvrefe nasyonal ki te an plas la.

Sa bay sitwayen yo espwa dèske kriz la komanse rezoud, malge gwo pwoblèm politik yo toujou la.

See all News Updates of the Day

Netanyahu Rankontre Responsab Ameriken yo

This still image taken from an Israeli Government Press Office video shows Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu (L) and his wife Sara (R) being welcomed by former US President Donald Trump at the Mar-a-Lago Club in West Palm Beach, Florida, on July 2
This still image taken from an Israeli Government Press Office video shows Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu (L) and his wife Sara (R) being welcomed by former US President Donald Trump at the Mar-a-Lago Club in West Palm Beach, Florida, on July 2

Donald Trump akeyi Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu lakay li nan eta FLorid, pou premye rankont fas-a-fas yo depi prèske 4 an.

Mesye yo ap chache repare lyen ki te andomaje pandan prezidans li epi prezante tvt li kom alye ak chèf deta. Trump te fache ak Netanyahu poutèt misye te felisite Joe Biden pou viktwa li nan eleksyon 2020 an kote li te fè fas ak Trump.

Rankont Vandredi a taka ede jefo Repibliken yo ap fè pou prezante tèt yo kom pati ki pi lwayal ak Izrayèl.

Pou Netanyahu, reparasyon relasyon ak Trump se yon enperativ - etan done ke misye tak revinn prezidan Etazini - yon peyi ki se prensipal founisè zam ak pwotektè peyi Izrayèl.

Yon lot kote nan Washington, Netanyahu te fè chita tande ak Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris nan Lamezonblanch Jedi.

Nan komantè li te fè devan jounalis yo, Netanyahu te remèsye Biden pou 50 ane sèvis piblik ak sipo li pou eta Ebre a.

Biden ap mete prezsyon sou Izrayèl pou l siyen yon antant ak Hamas pou lage otaj ki toujou nan men militan yo nan Gaza. Plan li pwopoze a gen 3 faz. Si li reyusi se tap yon gwo akonplisman nan palmarès Demokrat la ki gen 81 an, e ki deside bay kous prezidansyèl la vag epi andose vis prezidan li, Harris.

Lamezon Blanch di yo prèske finn negosye men gen kestyon ki rete pou rezoud.

Vis Prezidan Kamala Harris, ki te rankontre Netanyahu separeman, fè konnen li ankouraje misye pou l antann ni sou plan seselfe a ak Hamas la pi vit posib.

"Ann siyen antan la pou ka gen yon seselfe pou mete fen nan lage a. Ann mennen otaj yo lakay yo epi ann bay pèp Palestinyen an asistans li tèlman bezwen an."

Harris di jounalis yo li te gen yon konvèsasyon "onèt ak konstriktiv" ak Netanyahu Jedi, kote li afime dwa Izrayèl genyen poul defann tèt li men tou, eksprime gwo kè sote li genyen pa rapo ak pakèt moun ki mouri nan Gaza pandan 9 mwa konfli a, epi sityasyon imanitè "ijan" ki egziste lot bo a.

Tout je brake sou prezime kandida prezidansyèl pati Demokrat la. Li reitere an gran pati, mesaj Prezidan Joe Biden nan ki se ke li lè pou fini lagè a men li ofri yon ton pi egzijan e pi ijan nan mesaj pa l.

Harris di Netanyahu 'Li Lè' pou Mete Fen nan Lagè Gaza a epi Ede Otaj yo Retounen Lakay yo

WASHINGTON (AP) — Vis-prezidan Kamala Harris di li te mande Premye Minis Izraelyen an, Benjamin Netanyahu, pou l rive jwenn yon akò pou kanpe goumen ak Hamas la epi pou pèmèt plizyè douzèn otaj toujou nan Gaza depi atak 7 oktòb la kapab retounen lakay yo.

Harris di ke li te gen yon konvèsasyon "fran ak konstriktif" ak Netanyahu Jedi kote li te afime dwa pèp Izrayèl la genyen pou defann tèt li, men li te eksprime tou gwo enkyetid konsènan gwo kantite moun ki mouri nan Gaza pandan 9 mwa lagè ak sitiyasyon imanitè ki "deteryore" .

Avèk tout je ki brake sou kandida prezidansyèl Demokratik, Harris te repete mesaj ke Prezidan Joe Biden te toujou ap di pou cheche jwen yon fen nan lagè a.

Reyaksyon Depaman Ozetazini Apre Diskou Netanyahu

Reyaksyon Depaman Ozetazini Apre Diskou Netanyahu
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:34 0:00

Gen apil reyaksyon depaman apre diskou Netanyahu nan kongrè ameriken an .

Gran Tit: Nouvèl Entènasyonal pou 25 Jiyè, 2024

Gran Tit: Nouvèl Entènasyonal pou 25 Jiyè, 2024
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:00 0:00

VOA 60: Biden di Etazini bezwen 'vwa nèf', 'vwa ki pi jèn'

Harris Denonse Manifestan ki Boule Drapo Ameriken Pandan Yon Manifestasyon Anti-Netanyahu

Protest Athens R 20180414
Protest Athens R 20180414

Kamala Harris denonse Jedi 25 jiyè aksyon li dekri kòm "malpouwount" ak "antipatriyotik" ke manifestan yo te fè apre yo te boule yon drapo ameriken.

Aksyon sila te fèt Mèkredi 24 jiyè nan yon manifestasyon nan washington pou pwoteste kont prezans Premye Minis Izraelyen Benjamin Netanyahu nan vil la.

Vis-prezidan an ki kounyea kandida a la prezidans pou pati Demokrat la te di nan yon deklarasyon:"Nou te wè aksyon mechan manifestan ki pa patriyotik poze ak diskou danjere ki te alimenté pa rayisman," e li ajoute ke drapo Ameriken an "pa janm ta dwe derespekte nan fason sa a".

Load more

XS
SM
MD
LG