Accessibility links

Breaking News

Lakou SIprèm Irak la Apwouve Demand pou Kanpe sou Referandòm nan


Premye Minis Irak la, Haider al-Abadi.
Premye Minis Irak la, Haider al-Abadi.

La kou siprèm Irak la apwouve demand premye minis Haider Al-Abadi fè pou kanpe sou referandòm endepandans pou rejyon Kurdistan peyi a, yon referandòm yo tap planifye pou fen mwa septanm nan.

Pi gwo trbinal irakyen di yo sispann vòt la jiskaske yo fin revize konstisyonalite referandòm nan. Premye minis Al-Abadi leve kanpe an kwa plizyè fwa kont demach Kurdistan an, menm nan yon entèviou li bay ajans nouvèl Associated Press samdi pase, li di li konsidere vòt pou endepandans Kurdistan an kòm yon demach danjeureu ki kapab vyole souvrenn nasyon irakyèn nan.

Anplis desa, mesye Al-Abadi di yo ajans nouvèl irakyen kurd ap jwe ak dife si yo kontinye ap fè plan pou mete referandòm nan sou pye.

XS
SM
MD
LG