Accessibility links

Breaking News

Irak: Masak Nan Yon Legliz. 50 Mò, O Mwen 70 Blese


Ann Irak, militan ki te pran fidèl yon legliz ann otaj pandan sèvis t ap dewoule, lakoz anpil san koule apre fòs sekirite yo te antre nan legliz la daso, epi militan yo eksploze sentí yo ki te chaje ak dinamit.

Depatman Enteryè Irak la ak fòs sekirite peyi a fè konnen 52 moun pou pi piti mouri nan ensidan sa a ki dewoule dimanch 31 oktòb 2010 la --pami mò yo genyen o mwen 7 otaj.

Daprè otorite yo toujou, manm pèsonèl lame ak lapolis, plis kèk militan, pèdi lavi yo tou. Plus pase 70 moun blese.

XS
SM
MD
LG