Plizyè milye patizan Mollah anti-ameriken Moktada Al-Sadr pran lari nan vil Bagdad pou mande Lèzetazini retire twoup li yo nan Irak disi fen ane a.
Manifestan yo lanse slogan anti-ameriken; sèten menm mache sou drapo ameriken, drapo britanik ak drapo izraelyen ke yo te pentire sou beton an.
Genyen zòt menm ki t ap defile an fòmasyon militè nan manifestasyon an.
Pwotestasyon an tonbe nan moman otorite irakyen yo ap chèche konnen èske yo dwe mande ou non Lèzetazini pwolonje misyon li an nan Irak.