Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Irak: 15 Moun Mouri nan Lese Frape Apre yon Lide Relije Demisyonen

Fos sekirite Irakyen yo tire gaz lakrimojen kont patizan lide relije Shiit Muqtada al-Sadr nan pale gouvenman an nan Baghdad, Irak, Lendi 29 Out 2022.
Fos sekirite Irakyen yo tire gaz lakrimojen kont patizan lide relije Shiit Muqtada al-Sadr nan pale gouvenman an nan Baghdad, Irak, Lendi 29 Out 2022.

Yon lidè relije Shiit ki gen anpil enfliyans anonse li pral rale ko li soti nan politik nan peyi Irak. Se konsa de santen patizan misye ki te move kou kong te anvayi pale a.

Mezi a deklanche lese frape ak fos sekirite yo kote omwens 15 manifestan pedi lavi yo.

Otorite medikal yo di gen de douzen manifestan ki blese pa bal, e gen lot ki blese le yo tire gaz lakrimojen epi goumen ak lapolis.

Manifestasyon Lendi yo vini apre anons lide Shiit Muqtada al Sad te fe a.

Gouvenman Irakyen an mele depi pati misye te ranpote yon paket syej nan palman an nan eleksyon mwad Oktob la, men li pa gen ase syej pou gen yon majorite nan palman an.

See all News Updates of the Day

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 28 Desnam, 2024

 Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 28 Desnam, 2024
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:00 0:00

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 28 Desnam, 2024 Ayiti: Klinik Mobil ''Doctors of the World' ' Bay Swen Sante ak Medikaman Ak Moun Ki nan Kan Deplase yo.Etazini: Yon Tribinal Bloke lwa te mete pou arete migran ki antre fwontyè Texas la san papye. Gaza: Malnitrisyon nan Gaza

Militan Hezbollah Sou Izrayèl

Israel Palestinians Lebanon
Israel Palestinians Lebanon

Militan Hezbollah nan Liban lanse wokèt jodi mèkredi a sou pati nò Izrayèl kòm repons pou frap Izrayèl ki te touye 7 moun nan sid Liban.

Sèvis sekou nan Izrayèl di yon moun pèdi lavi nan yon frap wokèt sou bouk Kiryat Shmona ki sou fwontyè ant 2 peyi yo.

Lame Izrayèl di frap li yo nan Liban te vize yon bilding militè, kote li touye yon manm gwoup militan al-Jamaa al Islamiya ki te ankouraje konplo teworis kont Izrayèl.

Ajans France Presse site pawol yon dirijan al-Jamaa al-Islamiya ki di 7 moun pèdi lavi nan vilaj Hebbariyeh. Kèk sous sekirite nan Liban bay ajans nouvèl Reuters menm bilan an.

Vyolans ant 2 bò fwontyè yo se dènye boukantay ki fèt pandan Izrayèl ap mennen kanpay li ki vize elimine gwoup teworis Hamas, yon alye Hezbollah, nan Gaza.

Konsèy Sekirite LONU Apwouve Rezolisyon ki Mande yon Seselfe nan Gaza

Konsèy Sekirite LONU Apwouve Rezolisyon ki Mande yon Seselfe nan Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:46 0:00

Konsèy Sekirite Nasyonzini mande pou gen yon seselfe nan Gaza pandan mwa relije Mizilman yo rele Ramadan an. Se premye fwa konsèy la mande pou sispann batay.

Antonio Guterres: " Gen Bezwen Ijan pou yon Kanpo Imanitè Nan Gaza"

United Nations Secretary-General Antonio Guterres attends a press conference at an UNRWA school in the Al-Wehdat camp for Palestinian refugees in Amman, on March 25, 2024. (Photo by Mohammad HANNON / AFP)
United Nations Secretary-General Antonio Guterres attends a press conference at an UNRWA school in the Al-Wehdat camp for Palestinian refugees in Amman, on March 25, 2024. (Photo by Mohammad HANNON / AFP)

Sekretè Jeneral l-ONU Antonio Guterres di jodi lendi a gen yon bezwen ijan pou yon kanpo imanitè nan batay ki ap dewoule nan Gaza, kote grangou “ap detwi Palestinyen yo.”

Guterres ki t ap pale pandan yon vizit nan peyi Jòdani, fè konnen Nasyon Zini pwal kontinye pouse pou gen plis fasilite ak plis pwen pasaj pou èd antre nan Gaza, e li mande Izrayèl pou li pa mete okenn limit ni baryè pou bare livrezon èd yo.

Gwoup imanitè entènasyonal yo plenyen pou yon mank fasilite pou èd al jwenn sivil palestinyen, kote yo di gen materyèl ke enspektè izraelyen rejte, yo plenyen pou konvwa ke Izrayèl bloke e pou mank fasilite pou èd antre nan Gaza akoz batay ki ap kontinye.

Guterres ki t ap pale sou sityasyon an nan nò Gaza, di : « Li esansyèl tout bon pou gen anpil èd imanitè kounyea menm. »

Netanyahu Anile Vwayaj li nan Washington pou Pwoteste Kont Apèl Seselfe LONU an

Foto Achiv: Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu.
Foto Achiv: Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu.

Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu anile yon vizit yon delegasyon responsab wo plase te gen entansyon fè nan Washington Lendi pou pwoteste kont desizyon Konsèy Sekirite Nasyonzini pran pou mande yon seselfe tou suit nan Gaza.

Rezolisyon an pase ak yon vòt 14 pou ak 0 abstansyon apre Etazini te deside pa sèvi ak veto li epi absteni pito.

Netanyahu akize Etazini dèske li "bat yon retrèt" pa rapò ak sa k te yon "pozisyon an prensip" le li kite vòt lan pase san li pa poze kòm kondisyon pou seselfe a liberasyon otaj Hamas kenbe yo.

Load more

XS
SM
MD
LG