Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Ranfòse Sanksyon Li Pran Kont Siri


Inyon Ewòp la Ranfòse Sanksyon Li Pran Kont Siri
Inyon Ewòp la Ranfòse Sanksyon Li Pran Kont Siri

Inyon Ewòp la elaji kad sanksyon li pran kont Siri yo (sanksyon nan domèn finans ak vwayaj) e li kondane operasyon sere-boulon brital gouvènman siryen an lanse kont militan k ap pwoteste kont rejim an plas la.

Inyon an fè parèt vandredi 24 jen 2011 la yon anons kote li di li jele tout avwa 7 lòt gwo konpayi peyi Siri ak moun k ap travay pou yo, menm jan li entèdi moun sa yo vwayaje nan peyi manm Inyon an.

Sa fè lis sitwayen siryen ki tonbe anba sanksyon sa yo monte rive 34 --pami yo nou jwenn prezidan siryen an, Bashar al-Assad.

XS
SM
MD
LG