Accessibility links

Breaking News

Inondasyon Pakistan An Koute Peyi a 9 Milya 500 Milyon Dola


Nan peyi Pakistan, otorite yo di Bank Mondyal ak Bank developman aziatik la evalye dega inondasyon ki sòt devaste peyi sa a apeprè 9 milya 500 milyon dola.

Estimasyon sa a gen ladann propriyete, jaden ak enfrastikti ki kraze akoz inondasyon ki lave Pakistan nan kòmansman ane a.

Responsab Ministè finans yo di mèkredi 13 oktòb 2010 la li pral pran yon lòt 30 milya dola pou rebati enfrastrikti nasyon an ke inondasyon fin ravaje e pou reyabilite moun dezas sa a afekte yo.

XS
SM
MD
LG