Nan peyi Brezil, gwo lapli ki pase plizyè jou ap tonbe san rete, pwovoke inondasyon ki touye omwen 39 moun e lage dè dizèn milye lòt san kay pou yo rete. Eta ki pi frape yo se Eta Alagoas ak Pernambuco.
Lapli sa yo ap vide depi jedi 17 jen pase a sou Alagoas ak Pernambuco–sa ki vinn lakòz rivyè yo gonfle jouk yo debòde e inonde 2 rejyon sa yo. Ofisyèl yo di dezas sa a fòse plis pase 600.000 moun abandonnen kay yo. Otorite yo tou fè konnen 500 moun, pou pi piti, pa reponn alapèl nan zòn Uniao dos Palmares —yo krenn pou yo pa mouri.
Prezidan brezilyen an, Luiz Inacio da Silva, alyas Lula, pase lòd pou gouvènman an debloke fon federal pou ede plizyè dizèn milye moun ki pèdi tout sa yo te posede nan inondasyon yo.