Accessibility links

Breaking News

Tayland: Inondasyon Kontinye fè Dega nan Kapital la


Rezidan Bangkòk kap eseye zòn nan (AP Photo/Sakchai Lalit)
Rezidan Bangkòk kap eseye zòn nan (AP Photo/Sakchai Lalit)

Kòlè ak fristrasyon ap ogmante nan banlye ki nan nò ak nan lwès kapital Taylandè a, Bangkòk, kote gen anpil efò k ap fèt pou sove sant vil la anba inondasyon.

Nan kèk ka, gwoup vijilans yo fè twou nan yon seri baryè pou pèmèt dlo yo soti pi rapid pou pwoteje sant Bangkòk.

Premye minis Yingluck Shinawat te bay lòd pou yo louvri yon baryè dlo yon mèt an plis pou pèmèt plis dlo soti al nan lanmè.

Men otorite gouvènman yo nan vil la bay avètisman pou di aksyon sa a ka mete kèk kote anba la vil Bangkòk an danje.

XS
SM
MD
LG